MINUSTAH
Mission des Nations Unies pour la stabilisation en Haïti

Clôture de la MINUSTAH

La Mission des Nations Unies pour la stabilisation en Haïti (MINUSTAH) a terminé avec succès son mandat le 15 octobre 2017, donnant lieu à la Mission des Nations Unies pour l’appui à la justice en Haïti (MINUJUSTH) chargée de poursuivre le soutien de l’état de droit, le développement de la police et les efforts en matière de droits de l’homme en Haïti.

Dosye Duvalier : Navi Pillay mande jistis pou tout abi moun te sibi ann Ayiti nan lane ki pase yo

Ceci n’est pas une traduction officielle / Not an official translation Dosye Duvalier : Navi Pillay mande jistis pou tout abi moun te sibi ann Ayiti nan lane ki pase yo

UN/MINUSTAH

JENEV (21 fevrye 2013) – Nan moman kote Lakou dapel nan Pòtoprens ap rekomanse travay, semèn sa-a, sou dosye zak gro ponyèt moun te konn sibi pandan prezidan Jean Claude Duvalier te sou pouvwa ann Ayiti, Wo Komisè dwa moun, Navi Pillay, pwofite pou fè otorite peyi d Ayiti yo sonje youn nan devwa leta genyen pou li pran tout mezi ki nesesè pou trennen devan lajistis tout moun ki te komèt move zak ak fè moun abi. Madan Pillay fè sonje tou, pou sa ki gen a wè ak dwa entènasyonal, yo pa prevwa anyen pou sa ki konsène move tretman oubyen move zak moun ta ka konsidere kom krim entènasyonal, tankou touye moun san jije, kraze zo moun, disparèt moun ak fè kadejak sou moun. « Move zak sa yo ki te konn fèt souvan, nou paka kite yo pase konsa », dapre sa madanm Pillay deklare. « Tout Ayisyen ki te sibi move zak sa yo gen dwa pou yo jwenn jistis. Mwen ankouraje otorite lajistis yo pou yo pran responsablite yo epi bay viktim yo jistis yap tann depi lontan an. » Pou plis enfòmasyon, nou ka rele Ropert Colville ( + 41 22 917 9767 / rcolville@ohchr.org), osnon, Cécile Pouilly (+ 41 22 917 9310 /cpouilly@ohchr.org)