MINUSTAH
Mission des Nations Unies pour la stabilisation en Haïti

Clôture de la MINUSTAH

La Mission des Nations Unies pour la stabilisation en Haïti (MINUSTAH) a terminé avec succès son mandat le 15 octobre 2017, donnant lieu à la Mission des Nations Unies pour l’appui à la justice en Haïti (MINUJUSTH) chargée de poursuivre le soutien de l’état de droit, le développement de la police et les efforts en matière de droits de l’homme en Haïti.

Kominike pou laprès : Apèl pou rapouswiv dyalòg la.

Pòtoprens, 7 novanm 2013 – Reprezantan espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini ann Ayiti a ak manb kominote entènasyonal ann Ayiti yo nou pral site la a, reprezantan espesyal yo ak anbasadè Brezil, Kanada, Espay, Etazinidamerik, Frans, Oganizasyon Eta Ameriken ak Inyon Eropeyèn nan peyi d Ayiti lanse yon apèl bay aktè politik ayisyen yo pou yo rapousuiv ak pwosesis dyalòg la ki te kòmanse nan dat 14 oktòb la ant Ekzekitif la ak Palman an pou yo ka rive jwenn yon solisyon nan tèt ansanm (konsansis) sou pwoblèm politik ki pi enpòtan yo. Solisyon nan tèt ansanm sa a t ap pèmèt enstitisyon yo kontinye fonksyone nòmalman epi pèmèt eleksyon lib, san paspouki, kote tout moun ka patisipe, ka rive òganize. Tout sa se kondisyon nesesè pou ranfòse bòn gouvènans epi kreye yon anbyans k ap pèmèt devlopman sosyal ak ekonomik peyi a fèt opwofi pèp ayisyen an. Reprezantan kominote entènasyonal sa yo ann Ayiti kwè li nan enterè tout sektè ki konsène yo ann Ayiti pou yo jwenn yon solisyon prese prese nan pwoblèm yo. Epi fò tout moun, ni nan sektè politik la, ni nan sosyete sivil la aksepte solisyon sa a. Français | English | Espagnol |

***

Contact media:Sophie Boutaud de la CombePorte-parole et Directrice adjointe de la communication, MINUSTAHCell: (509) 3702 6522 Tel: 22 29 67 00, ext : 2691Email: boutauddelacombes@un.org