Van chanjman ap soufle sou Haiti

3 jan 2012

Van chanjman ap soufle sou Haiti

Un poème de notre collègue Quetony Saint-Vil
Pep ayisyen pran tichèz ou pou tande m,
Paske pawol sa yo soti andan fon kè m.

Van chanjman ap soufle sou Haiti

Photo : UN/MINUSTAH

Pep ayisyen pran tichèz ou pou tande m,
Paske pawol sa yo soti andan fon kè m.
Van chanjman ap soufle sou Haiti,
Nou dwe kolabore pou l’ ka reyisi.

Nwel se fèt kè kontan, lapè ak lanmou,
Pou tout pèp toupatou sou latè beni.
Fè je w klè bajou fin kase toupatou,
Paske tout zwazo gentan pran lari,
Ap chante refren yon bèl melodi damou,
Pou Ayitisyen alawonnbadè vin rejwi.

Lite minwi, Tonton Nwel vin di m ane sa,
Ayiti pa dwe rete konsa ap tann pasi pala,
Kè tout moun pral kontan ak bel kado
Ke yo pral resevwa nan men l’ a gogo.

Mwen di li kote kado ap soti Tonton Nwel?
Li dim map bay kado lè nou mete tet ansanm, nou fè yon sèl.
Lè nou deside fè lapè ak pitit pè Etènel.
Pral gen travay pou tout moun ki nan chomaj,
Kap pase pay anba lamizè, kap fèn viv tankou bèt sovaj.

Lè sa m te nan domi, m leve chita pou pale ak tonton Nwèl !
Mwen deside di w tonton Nwèl, nan non tout Ayisyen,
Nou deside pote kole pou chanje lavi frè n ak sè n ki nan bezwen.
Tonton Nwèl, nou deside konbat ensekirite ak tout fos nou,
Pou montre tout moun sou latè nou gen lanmou.

Envestisè toupatou Ayiti pare pou l’ dekole van chanjman an,
Ayisyen, etranje, nou tout dwe monte nan kamyon an.
Bwavo pitit mwen : Di tout jen gason ak jen fanm gonfle fos yo,
Mwen pral kreye travay pou chanje lavi yo.
Viv yon Peyi k’ap grandi, ki rele Ayiti,
Sa se pawol ki sot nan kè SAINT-VIL Quetony
K’ap ekri prezi pou manman l’, Ayiti Cheri.