Kominike pou laprès : Apèl pou rapouswiv dyalòg la.

8 nov 2013

Kominike pou laprès : Apèl pou rapouswiv dyalòg la.

Pòtoprens, 7 novanm 2013 Reprezantan espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini ann Ayiti a ak manb kominote entènasyonal ann Ayiti yo nou pral site la a, reprezantan espesyal yo ak anbasadè Brezil, Kanada, Espay, Etazinidamerik, Frans, Oganizasyon Eta Ameriken ak Inyon Eropeyèn nan peyi d Ayiti lanse yon apèl bay aktè politik ayisyen yo pou yo rapousuiv ak pwosesis dyalòg la ki te kòmanse nan dat 14 oktòb la ant Ekzekitif la ak Palman an pou yo ka rive jwenn yon solisyon nan tèt ansanm (konsansis) sou pwoblèm politik ki pi enpòtan yo.

Solisyon nan tèt ansanm sa a t ap pèmèt enstitisyon yo kontinye fonksyone nòmalman epi pèmèt eleksyon lib, san paspouki, kote tout moun ka patisipe, ka rive òganize. Tout sa se kondisyon nesesè pou ranfòse bòn gouvènans epi kreye yon anbyans k ap pèmèt devlopman sosyal ak ekonomik peyi a fèt opwofi pèp ayisyen an.

Reprezantan kominote entènasyonal sa yo ann Ayiti kwè li nan enterè tout sektè ki konsène yo ann Ayiti pou yo jwenn yon solisyon prese prese nan pwoblèm yo. Epi fò tout moun, ni nan sektè politik la, ni nan sosyete sivil la aksepte solisyon sa a.

 

Français | English | Espagnol |

***

Contact media:

 

Sophie Boutaud de la Combe

Porte-parole et Directrice adjointe de la communication, MINUSTAH

Cell: (509) 3702 6522

Tel: 22 29 67 00, ext : 2691

Email: boutauddelacombes@un.org